Sante Mwen

Avèk Sante Mwen, dekouvri fason kò ou fonksyone.

Maladi

Dekouvri kòman pou w pwoteje tèt ou ak fanmi w kont yon seri de maladi ke nou rankontre souvan an Ayiti.

Bòn sante

Dekouvri kèk metòd kap pèmèt ou rete an bòn sante.

Plis

Ak anpil lòt bagay toujou...

samedi 13 août 2022

Dezidratasyon an ete

Tout moun konnen ke ete se peryòd ki fè pi cho nan ane a. Ete se yon peryòd ki dire 3 mwa e ki kòmanse 21 jen pou rive 21 septanm. Kòm se nan peryòd sa li fè plis chalè nan ane a, se nan peryòd sa tou moun pi fasil pou dezidrate. 
Kisa ki dezidratasyon an?
Dezidratasyon an pa yon maladi, men se yon eta kote kò a pa gen ase likid ladan'l. Sa vin koze yon dezekilib ant kantite likid ak kantite sèl ki nan kò a. 

Kisa ki ka koz yon moun vin dezidrate?
Gen plizyè bagay ki ka koz yon moun dezidrate tankou: 
  • Malnitrisyon
  • Fyèv
  • Dyare
  • Vomisman
  • Enfeksyon
  • Gwo chalè (solèy)
  • Moun nan manke bwè dlo
  • Ak anpil lòt maladie toujou tankou maladi sik etc.

Pami tout kòz sa yo nou sot site la yo, chalè se youn nan bagay ki pwovoke dezidratasyon pi rapid lakay yon moun si tou si li manke bwè dlo. 

Kòman yon moun ap santi l lè li dezidrate?
Lè yon moun dezidrate, sa fasil pou rekonèt. Men kèk siy ki ka montre sa :
  • Moun nan swaf anpil
  • Bouch moun nan sèch
  • Li pa pipi anpil epi pipi a jòn anpil
  • Po kò moun nan sèch
  • Fatig anòmal
  • Moun nan pèdi pwa
  • Mal tèt
  • Zye moun nan vin fon
  • Toudisman, vètij

Kòman yon moun ka pwoteje tèt li pou l pa dezidrate?
Pou evite dezidratasyon, men kèk konsèy yon moun ka swiv :
  • Bwè anpil dlo pou kò a ka ranplase dlo lap pèdi yo sitou lè li fè cho. 
  • Evite mache anpil anba gwo solèy
  • Toujou bwè dlo anvan ak apre w fin fè egzèsis fizik. Si egzèsis fizik la depase 30 minit, bwè dlo pandan wap fè egzèsis la. 
  • Bwè dlo chak fwa ou wè pipi ou kòmanse vin jòn. Pipi ou ta dwe gen koulè klè. Souvan depi ou wè pipi ou vin jòn, se paske ou manke bwè dlo ki koz sa. Si w ta wè ke malgre w bwè dlo pipi w toujou rete jòn, al wè yon doktè. 

Trètman pou dezidratasyon
Si w gen yon moun ki dezidrate swa paske lap vomi, oubyen li gen dyare, bay li bwè sewòm oral pou l ka ranplase dlo lap pèdi yo. 

Pou w prepare sewòm oral la, wap vide yon ti sachè sewòm oral nan 2 boutèy gran manjè ki plen dlo answit wap bwase l ou bay moun nan bwè. 

Si w pa gen ti sachè sewòm oral la, ou ka mete demi kiyè sèl ak 6 kiyè sik nan yon galon dlo bay moun nan bwè. 

Answit mennen moun nan wè yon doktè pou rès priz an chaj yo ka fèt. 



8 avantaj ki gen nan fè sèks

Tout moun konnen ke fè sèks pote anpil avantaj pou kò a ak lespri nou. Men 8 avantaj yon moun ka jwenn nan fè sèks. 

1- Fè sèks pèmèt ou redwi nivo strès ou
Gen plizyè etid ki montre ke lè w fè sèks, sa pèmèt ou bese nivo kòtizòl (cortisol) ki nan san w e sa pèmèt nivo strès ou desann tou. Se rezon ki koz lè yon moun fin fè sèks, li santi tout kò l relakse akoz de sibstans antistrès ki libere nan kò moun nan. 

2- Fè sèks pèmèt ou ranfòse entimite ant ou menm ak patnè w (mennaj, mari, madanm)
Lè de moun ki renmen ap fè sèks, sa vin devlope yon sòt de konplisite ant de moun sa yo. De moun sa vin tankou se kòkòt ak Figawo, youn pa ka manke lòt. 

3- Fè sèks pèmèt ou pèdi kalori
Se vre fè sèks pa menm jan ak lòt spò yo, men li pèmèt ou boule kalori tou. Selon yon etid ki te pibliye pa Plos one, lè wap fè sèks ou boule ant 60 a 100 kalori. 

4- Fè sèks pèmèt ou amelyore somèy ou
Selon yon etid ki te fèt, anpil fanm ak gason fè konnen ke yo dòmi pi byen lè yo fin fè sèks. Gras ak sibstans kap relakse kò a apre w fin fè sèks, sa pèmèt dòmi pran w pi rapid. E se rezon sa ki fè gason yo fasil pou dòmi apre yo fin fè sèks. 

5- Fè sèks pèmèt ou ranfòse sistèm iminitè ou. 
Sistèm iminitè w se yon sistèm ki la pou defann kò w kont vye jèm ki ka ba w maladi. E daprè yon etid ki te fèt, li montre ke ta va gen yon relasyon ant sèks ak nivo sistèm iminitè yon moun. 

6- Fè sèks rann po kò w vin pi bèl
Lè wap fè seks, kò w pwodwi anpil estwojèn (oestrogènes). Sibstans sa yo jwe yon gran wòl nan idratasyon po a, sa pèmèt pou kò w ak cheve w vin pi bèl. 

7- Fè sèks pèmèt gason konbat kansè nan pwostat
Daprè yon etid ki te pibliye pa The Journal of American Medical Association, li montre ke plis yon gason ejakile souvan, se plis li redwi risk pou li devlope kansè nan pwostat. 

8- Fè sèks pèmèt fanm yo konbat kansè nan tete
Daprè yon seri etid ke Dr Frederic Saldmann prezante nan liv li a "La vie et le temps", yo montre ke lè yon moun ap fè sèks, kò li pwodwi yon sibstans ki rele ositosin (ocytocine) ki pèmèt kò a konbat kansè nan tete. Sibstans sa libere nan kò a sitou lè yo stimile pwent tete fi a. 


lundi 4 avril 2022

Avantaj ak enkonvenyan ki gen nan mastibasyon

Mastibasyon se yon pratik seksyèl ke sosyete a pa renmen pale de li e ke anpil moun kritike. Ann dekouvri ki avantaj ak dezavantaj ki gen ladan'l. 


Tou dabò, kisa ki mastibasyon an?

Mastibasyon oubyen la ponyèt se yon pratik seksyèl kote moun nan ap jwe nan peni l (koulout li) oubyen nan bouboun li nan lide pou l bay tèt li plezi. Nan yon fason ki pi senp, mastibasyon an se lè moun nan ap bay tèt li plezi pou kont li. Li ka itilize men l oubyen yon sex toy (boutlèg, etc.) pou li ka jwenn plezi a. Se yon pratik ke nou rankontre plis lakay gason ke lakay fi. Lè se fi ki fè l, yo souvan di fi a ap bay tèt li dwèt. Men se menm mastibasyon an. An plis, nou rankontre mastibasyon plis lakay jèn ke lakay granmoun. 

Nou toujou tande anpil rimè kap kouri di mastibasyon fè w sesi, li fè w sela, an nou wè kisa syantifik yo di sou mastibasyon an. 

Avantaj ki genyen nan mastibasyon (la ponyèt)

1- Mastibasyon an diminye strès
Lakay fi kou gason, depi  moun nan atenn ògas li, sèvo a libere yon seri de molekil ki rele andòfin (endorphines). Sibstans sa yo pwovoke yon sansasyon de plezi, yon relaksasyon nan tout kò a, e sa pèmèt kò a detann, li relakse, tout tansyon ki te gen nan kò a ni nan lespri moun nan ale. Moun nan relakse totalman. Tout strès ale. 

2- Mastibasyon an soulaje doulè
Dapre yon etid The Journal of Sex Research te fè, yo dekouvri ke mastibasyon an ka kalme doulè a koz de sibstans sa yo sèvo a libere yo ki rele andòfin nan. Gen moun ki konn itilize teknik sa pou kalme tèt fè mal. 

3- Mastibasyon an favorize somèy
A koz de efè relaksasyon ke andòfin sèvo a libere yo gen sou kò a, kò a vin tèlman relakse ke dòmi ka pran moun nan pi fasil. Gen moun ki pratike mastibasyon an anvan yo dòmi pou dòmi ka pran yo pi rapid. 

4- Mastibasyon an pèmèt moun nan konnen kò l pi byen
Mastibasyon an se youn nan mwayen yon moun ka dekouvri kò l pi byen. Gen anpil jèn ki dekouvri mastibasyon an pou kont yo san pat janm gen moun ki te pale yo de li. Mastibasyon an pèmèt moun nan dekouvri ki zòn ki pi sansib nan kò l, ki fason pou l fè pou l atenn ògas li, ki fason pou l fè plezi a dire pi lontan etc. Gen fi ki pa janm atenn ògas yo lè yap fè sèks, se lè yo mastibe sèlman yo jwenn li. Nan ka sa mastibasyon an ede yo konnen kòman pou yo fè pou yo atenn ògas yo. Lakay gason yo, li ede yo jere bann yo pou yo pa ejakile rapid, etc.

5- Li diminye chans pou yon moun fè kansè nan pwostat
Gen etid ki montre ke lè yon gason ejakile omwen 21 fwa nan yon mwa, sa redwi chans pou moun sa devlope yon kansè nan pwostat. Li valab pou nenpòt fason moun nan ta rive ejakile tankou nan fè sèks...

Ki enkonvenyan ki gen nan mastibasyon?

Adiksyon
Mastibasyon an ka tounen yon adiksyon pou yon moun. Lè konsa li vin tankou yon maladi mantal.  Moun nan rive mastibe (bat la ponyèt) jiska 10 fwa nan yon jounen. Moun nan pa ka pase yon jou san li pa mastibe. Li toujou ap chèche yon kote pou l izole tèt li pou l mastibe. Sa vin rann moun nan fèmen sou li menm, moun nan vin pa sosyab. 

Lè moun nan mastibe twòp, ki ka vin santi doulè nan peni l sitou si li fè l brital. 

Apre sa pa gen okenn efè negatif ke mastibasyon an genyen sou kò moun nan. Tout koze moun konn ap di sou mastibasyon (la ponyèt) tankou li fè moun soud, avèg, li bay reta mantal, pa gen youn nan koze sa yo ki verifye.

mercredi 30 mars 2022

Kansè nan kòl matris

Kisa ki kansè kòl matris la?

Kòl matris la se pati anba matris la, li pi piti pase rès kò matris la, se li menm ki relye kò matris la ak bouboun fi a. 

Yon kansè kòl matris se yon maladi ki devlope nan kòl matris la. Chèchè yo estime ke gen anviwon 250 000 fanm ke maladi sa tiye chak ane nan mond la. 


Kisa ki bay maladi sa?

Prensipal koz kansè kòl matris la se yon enfeksyon pa yon viris ki rele HPV (Human Papilloma Virus). Moun plis pran viris sa nan fè sèks. Lè viris la fè anpil tan nan kòl matris la, li modifye estrikti kòl la. Li vin bay sa yo rele yon lezyon (lésion précancéreuse). Sa vle di, yon sòt de blese ki ka vin devni yon kansè nan 10 a 15 an apre enfeksyon an. 

Men kèk lòt bagay ki ogmante chans pou yon moun devlope kansè sa:
  • Kòmanse fè sèks bonè
  • Kantite moun ou fè sèks avè l, plis yo anpil plis ou gen chans gen kansè sa
  • Tabak
  • Medikaman ki febli defans kò a
  • Si w deja genyen jèm sida nan san w (VIH+)

Kisa wap santi?

Nan kòmansman, moun nan pap santi anyen. Sèl si moun nan te fè yon pap tès li ka konnen si l genyen kansè a. Se jis lè kansè a kòmanse mi moun nan ap santi sentom yo. 

Lè kansè a kòmanse mi, men ki sentòm li bay:
  • Bay san nan bouboun lè moun nan fin fè sèks
  • Bay san nan bouboun san moun nan pa nan peryòd règ li
  • Doulè lè moun nan ap fè sèks
  • Bay dlo nan bouboun
  • Doulè anba ti vant
  • Doulè nan ba do

Ki trètman ki genyen pou kansè sa?

Trètman diferan tou depan de ka ki prezante a. Yo ka itilize swa chiriji, radyoterapi oubyen chimyoterapi pou fè trètman. 

1-Chiriji
Sa depann de kantite dega kansè a gentan fè nan kòl matris moun nan , medsen yo ka opere l pou yo retire kòl matris la sèlman, oubyen kòl matris ak tout matris la. Depi yo retire matris la, moun nan tou pa ka fè timoun ankò. 

2- Radyoterapi
Se yon trètman ke yo ka itilize ak chiriji pou detwi selil kansè kòl matris la. Nan trètman sa, yo itilize yon reyon ki rele reyon X

3- Chimyoterapi
Yo itilize trètman sa swa anvan, swa apre, swa anvan ak apre trètman pa chiriji oubyen radyoterapi a. Yo itilize l pou diminye gwosè mas kansè a oubyen pou anpeche selil kansè a miltipliye. 

Kòman pou w evite genyen kansè kòl matris la?

Gen 2 metòd yon moun ka itilize: vaksen oubyen Pap tèst

Vaksen an pèmèt moun nan evite enfekte ak viris ki bay kansè kòl matris la (HPV). 

Pap tès la se yon tès depistaj kansè kòl matris ke tout fanm ki gen ant 25 a 65 an dwe fè chak 3 zan. Li pèmèt yo detekte kansè a depi anvan li kòmanse manifeste. Tout tan yon moun konnen li gen yon kansè pi bonè, se plis li gen chans pa gen konplikasyon. Souvan se lè kansè a dejenere nèt moun nan konn sa oubyen li vin lopital. Lè konsa, kansè an gentan tèlman avanse sa vin koz gen plis konplikasyon e moun nan ka menm mouri. Se sak fè depi w se fanm, ou fè sèks pou piti yon fwa deja, nou konseye w al fè yon Pap tès pou w konn kòman kòl matris ou ye.

dimanche 18 juillet 2021

Bwè espèm, byenfè ak mefè

            Se toujou yon bon mwayen pou anpil moun k'ap viv nan tout moun lan pou yo pwan ti plezi yo nan fè lanmou. Nan sans sa, si nou fè referans ak divès kalite kilti ki gen nan mond lan, chak nasyon pwan plezi sa nan fason pa yo. Ebyen, se konsa ke gen anpil moun ki toujou chèche nivo setyèm syèl la nan souse aparèy jenital patnè li a ( sa nou rele an kreyòl la, ti bèf). Gason fè li, fi fè li, men n'ap plis akse sou fi a. Lè yon fi ap fè " ti bèf ", sa konn rive li bwè espèm gason an. Pi ba, nou pwal diw ki byen ou byen ki mal pratik sa kapab genyen lakay yon fi.




           Fi yo konn bwè espèm nan, men kisa espèm nan ye?

Espèm nan se yon likid ke gason an ejakile, li genyen ladan li espèmatozoyid, andomòfin, kèk newotransmetè ak kèk mesaje chimik.


                a) Byenfè lè yon fi bwè espèm nan


Byenfè espèm nan depann de divès kalite matyè ki ladan l yo, men pi plis toujou de spèmidin nan. Men kisa spèmidin nan pèmèt espèm nan pote kòm byenfè:

  1. Li pèmèt ou lite kont vyeyisman
  2. Li pèmèt ou prevni maladi Alzheimer
  3. Daprè yon etid ki fèt nan linivèsite Louis-et-Maximillien nan peyi Jèmani , li jwe yon wòl nan kwasans.

Men kijan?
Yo fè eksperyans  nan cheve gason ak spèmidin ki nan spèm nan. Yo remake ke l fè cheve yo pouse byen. Se sa ki fè yo tou di nou, avan nou depanse twòp lajan nan achte prodwi, panse a sa nou jwenn gratis la pou plis ekonomi.Spèm nan gratis.


Apre Spèmidin nan, genyen kèk mesaje chimik ki pèmèt nan pote anpil byenfè tou, tankou estrojèn, melatonin, pwolaktin, sewotonin.

 Kèk sikològ nan inivèsite Albany nan peyi etazini di ke l pèmèt moun ki vale l yo lite kont ansyete. Eksperyans yo fè sou kèk sijè malad, apre kontak yo ak prodwi sa, yo retrouve yon bon eta byenèt mantal. 


           Gen anpil moun ki konn pè fè bagay sa lè yo ansent. Men yon moun ki ansent ki vale l, li diminye risk pou timoun nan tonbe, li pèmèt fi a adapte l pi byen a grosès la , sitou si se premye fwa. Konsa tou li fè fi a mwen ekspoze a pre eklanpsi ak noze nan maten.

        b) Mefè pou yon fi ki bwè espèm nan


A kote byenfè yo, genyen kèk mefè tou, men ki pa anpil paske jeneralman, bwè espèm nan fè plis byen ke mal. Nan ka li fè mal yo, se kapab yon neglijans lakay gason yo, sitou sa ki neglije ijyèn pati jenital yo. Konsa tou, se ka pa neglijans yo tou. Paske Gen fi, jeneralman ki alèji ak spèm nan. Depi l touche ak yon pati nan po kò yo, li fè kote a anfle, li bal demanjezon. Konsa tou spèm nan se yon vektè ki pataje trè byen maladi seksyèlman transmisib yo. Donk si gason an malad, fi a gen risk pou l atrape maladi sa. Konsa tou, jan sa sot mansyone a, gen gason ki pa fè twòp ijyèn nan ti pati jenital  yo, sa ka koz fi a ekspoze a kek enfeksyon.

        An gwo, se te sa sijè an, nou wè tout byenfè ak mefè yo, lanmou se yon mwayen ki fe nou jwenn bon ti plezi, pwan ti plezi sa yo ak prekosyon , konsa n ap benefisye byenfè yo sèlman.