Sante Mwen

Avèk Sante Mwen, dekouvri fason kò ou fonksyone.

Maladi

Dekouvri kòman pou w pwoteje tèt ou ak fanmi w kont yon seri de maladi ke nou rankontre souvan an Ayiti.

Bòn sante

Dekouvri kèk metòd kap pèmèt ou rete an bòn sante.

Plis

Ak anpil lòt bagay toujou...

dimanche 27 septembre 2020

VIH/SIDA


Jounen jodiya, VIH/SIDA se yon maladi ki gaye nan tout mond la, sitou nan peyi ki an vwa devlopman yo. Nou tande pale de sida souvan an Ayiti. Lè yon moun gen sida, souvan moun ki nan antouraj li konn elwanye yo de li sou preteks pou yo pa pran sida. Ebyen annou wè kisa ki sida e kijan li transmèt. 

Kisa ki VIH la?
VIH la (Virus de l'immunodéficience humaine) se yon viris ki atake sistèm iminitè a patikilyèman lenfosit T CD4 (lymphocytes T ). E kòm nou konnen, se sistèm iminitè a ki la pou defann kò nou kont ajan patojèn ki antre nan kò a tankou bakteri ak viris, e lè sistèm sa febli, lap mal fonksyone, li fasil pou maladi antre sou moun sa. Depi viris ki rele VIH la rantre nan kò yon moun, se sistèm iminitè a li atake. Li itilize lenfosit T CD4 yo pou li repwodui e li fini pa detwi yon bon kou nan yo. Byen ke sistèm iminitè a konpoze de plizyè lòt tip de selil, men a koz de kantite lenfosit T CD4 yo ki redwi konsiderableman, sa vin koz sistèm nan ap mal mache paske chak selil ki ladan'l yo gen wòl pa yo. Lè konsa, kò a vin tankou yon peyi ki san lame, nenpòt bakteri oubyen viris ki pa ka fè gwo dega lakay yon moun ki an bòn sante fè gwo dega nan kò moun sistèm iminitè l ap mal mache. 

Kòman yon moun ka trape VIH la ?
VIH la transmèt pa likid ki soti nan kò yon moun ki enfekte tankou san, spèm (dechay), lèt manman, sekresyon vajinal (sekresyon ki soti nan bouboun). Transmisyon an fèt 3 fason:
- transmisyon seksyèl
Le pi souvan, VIH la transmèt yon moun fè sèks san prezèvatif (kapòt) ak yon moun ki enfekte. 
- transmisyon pa san
Moun ka pran l tou lè san yo antre an kontak ak san yon moun ki enfekte tankou pike oubyen blese nan yon sereng oubyen tout lòt objè tranchan tankou jilèt, kouto, razwa elatriye ki te pike oubyen blese yon moun ki enfekte. 
- transmisyon vètikal
Yon manman ki gen VIH la nan san l gen chans pou li transmèt viris la bay bebe a pandan gwosès la oubyen lè li ap akouche si li pa sou trètman. 

Moun pa ka pran VIH nan ka sa yo:
  • lè li bay yon moun ki enfekte lanmen
  • lè li touche ak syè yon moun
  • lè li itilize rad oubyen telefòn yon moun ki enfekte
  • lè li benyen nan pisin piblik

Viris la pa ka travèse po kò yon moun si moun sa pa blese. 

Sentòm yo
Evolisyon viris la gen plizyè faz:
  • 1e faz ou primo-enfeksyon
Lè moun nan fenk enfekte, li ka genyen kèk sentòm ki parèt konsa li ka pa gen okenn sentòm. Lè konsa moun nan ka pa konnen si li enfekte e li trè fasil pou li enfekte lòt moun paske chaj viral moun sa, sa vle di kantite viris ki nan kò moun sa trè wo. 
Men kèk sentòm moun nan ka prezante:

  • fyèv

  • mal tèt

  • Mal gòj

  • fatig
  • doulè miskilè

 

  • 2e faz oubyen faz asentomatik
Nan faz sa, moun nan pa prezante okenn sentom menm si viris la toujou nan san l. Viris la ap mennen yon gwo lit avèk sistèm iminitè moun nan. 

  • 3e faz oubyen faz sida
Nan faz sa, sentom yo parèt paske sistèm iminitè a pa ka konbat viris la ankò. Se lè sa yo di moun nan fè sida. Sentom yo parèt pi souvan e yo fè plis tan:
  • fyèv
  • Moun nan pèdi pwa, li vin piti  
  • Dyare 
  • enfeksyon nan po tankou bouton elatriye
  • tous sèch

Se nan faz sa ke plizyè lòt maladi ka rantre sou moun nan a koz de sistèm iminitè l ki trè fèb. Nenpòt ti maladi banal ka mete moun sa kouche e li ka menm koz moun sa mouri. Faz sa rive anviwon 10 zan apre moun sa fin enfekte.

Prevansyon
Pou evite trape VIH la, men kèk prekosyon pou nou pran:
  • itilize prezèvatif (kapòt) lè nap fè sèks sitou lè nou pa konnen si moun nan enfekte ou non
  • pa echanje jwèt seksyèl yo
  • pa echanje razwa oubyen tout lòt akseswa pèsonèl ki gen chans gen san ladan'l
  • lè ou fenk rankontre yon moun, toujou ankouraje l al fè yon tès depistaj sida anvan ou al fè sèks san pwoteksyon avè l



Trètman
Jiska jounen jodiya, poko gen remèd pou geri sida. Men gras ak trètman ki genyen yo, yon moun ka fè anpil tan ap viv ak viris la nan san l depi li swiv trètman yo. 
Trètman yo chita sou 2 metòd:
  • trètman antirétroviral (TAR) ki ede yo diminye kantite viris ki nan kò moun nan
  • trètman maladi opòtinis yo ki rantre sou moun nan a koz de sistèm iminitè l ki fèb

Trètman antirétroviral la se yon trètman kote yo itilize o mwen 3 medikaman ki atake viris la dirèkteman pou ralanti evolisyon viris la e redwi chaj viral la nan yon nivo ki trè ba. 
Yon moun ki seropozitif dwe konsilte medsen li souvan pou li ka detekte tout maladi opòtinis ki ta va rantre sou li pi bonè. Lè konsa, maladi a pap gentan twò grav kidonk li pap twò difisil pou li trete. 

Konsèy
Pa ezite fè tès depistaj sida paske tout tan yon moun kòmanse swiv trètman yo pi bonè, li gen plis chans pou li fè plis tan ap viv. 
Si tout fwa ou konnen ou deja enfekte, itilize kapòt lè wap fè sèks pou evite pwopagasyon viris la. 

Sida, mwen pap bay, mwen pap pran!!!

samedi 12 septembre 2020

Malarya (palidis)

Nou chak ki la konn tande pale de malarya. Se yon maladi ki trè kouran nan peyi twopikal yo sitou nan peryòd chalè. An 2018, anviwon 228 milyon moun te touche pa malarya nan mond la. 


Kisa ki malarya?
Malarya oubyen palidis se yon maladi enfektyez ki koze pa yon parazit ki rele Plasmodium. Parazit sa transmèt pa yon espès moustik oubyen marengwen ki rele Anopheles. 

Gen plizyè espès Plasmodium :
  • Plasmodium falciparum: se espès ki pi kouran e ki pi danjere a. Nou rankontre l nan zòn twopikal yo. 
  • Plasmodium ovale: nou rankontre jèm sa nan zòn Afrik lwès. 
  • Plasmodium vivax: nou rankontre jèm sa an Azi, an Amerik Latin ak nan kèk zòn an Afrik. 
  • Plasmodium malariae: espès pi ra pase lòt espès yo, men nou rankontre l nan tout mond lan. 


Yon moun ka pran malarya lè yon moustik Anopheles pike yon moun ki deja gen malarya, answit li ale pike yon moun ki pa genyen malarya. Sa rive le pi souvan nan lannwit. Lè sa, pandan l'ap pike moun nan, li lage parazit la nan san moun nan tou. Parazit sa yo pral chita nan fwa moun nan kote yo ka pase plizyè jou. Lè parazit yo fin devlope nan fwa, kounya yo retounen nan san kote yo kòmanse atake globil wouj yo. Se lè sa moun nan kòmanse santi sentòm yo. 

Sentòm
Sentòm yo kòmanse parèt jeneralman nan 10 a 15 jou aprè moustik la fin pike moun nan. 
Prensipal sentòm yo se fyèv, mal tèt, frison, anvi vomi, dyare. 

Si se Plasmodium falciparum ki koze enfeksyon an, li ka koze lanmò moun nan si li pa trete aprè 24h. 

Trètman
Pami medikaman yo itilize pou trete malarya genyen:
  • Chloroquine
  • Mefloquine
  • Halofantrine
  • Quinine
  • Pyrimethamine
  • Sulfadoxine 
  • Artemisinineki soti nan yon plant ki rele amwaz. OMS konsidere medikaman sa kòm yon medikaman ki trè efikas lè yo itilize l avèk yon lòt remèd kont malarya. 

Prevansyon
  • Pou evite trape malarya, nou dwe itilize moustikè, mete rad ki long sitou le swa lè marengwen yo ap pike moun, sèvi ak ensektisid pou tiye marengwen yo, elatriye.  
  • Fè asenisman pou zòn ki kenbe dlo yo, pa kite dlo chita nan vye mamit, vye kawoutchou, fè drenaj pou twou dlo yo.  An gwo, pa kite dlo chita fè anpil tan yon kote san kouvri pou marengwen pa vin ponn ze nan yo. 

dimanche 5 juillet 2020

Fyèv tifoyid

Fyèv tifoyid la se yon maladi ke nou rankontre souvan an Ayiti. E daprè Òganizasyon Mondyal Sante (OMS), chak ane, gen anviwon 11 a 20 milyon moun ki trape maladi sa e anviwon 128 000 a 161 000 nan yo mouri. 


Kisa ki fyèv tifoyid la?
Fyèv tifoyid la se yon enfeksyon ki koze pa yon bakteri ki rele Salmonella typhi oubyen bacille d'Eberth. Se yon maladi, si li pa trete ki ka tiye moun nan. 

Kisa ki koz tifoyid la?
Jeneralman, fyèv tifoyid la transmèt pa dlo n'ap bwè oubyen bagay n'ap manje ki kontamine. Nou rankontre bakteri ki responsab maladi sa prensipalman nan twalèt moun ki gen maladi a deja. Kidonk, yon move asenisman twalèt yo ka koz bakteri a gaye nan anviwònman n'ap viv la. Lè konsa, gen posiblite pou dlo n'ap sèvi ak yo avèk manje n'ap konsome yo pou yo kontamine. E lè yon moun bwè yon dlo ki kontamine pa jèm sa, li manje yon vyann ki kontamine ki manke kwit oubyen li manje lòt bagay tankou fwi oubyen legim ki kontamine, li kapab pran maladi a tou. Yon moun ki gen fyèv tifoyid ka kontamine lòt moun tou si li sot nan twalèt li pa lave men li. 

Sentòm
Sentòm yo kòmanse manifeste 1 a 2 semèn apre moun nan fin trape maladi a. Men ki sentòm yon moun ki enfekte prezante pi souvan:
  • Yon gwo fyèv (ant 39 ak 40° C)
  • Mal tèt
  • Anvi vomi
  • Doulè nan vant (vant fè mal)
  • Konstipasyon oubyen dyare
  • Apeti moun nan koupe
  • Pafwa moun nan ka gen bouton tou. 

Trètman
Pou trete fyèv tifoyid la, yo ititlize antibyotik. Genyen plizyè antibyotik ki ka trete maladi a, men sipoze gen yon analiz ki fèt pa yon pèsonèl sante pou detekte ki jèm ki responsab e pa konsekan pou yo chwazi antibyotik ki pi efikas pou trete malad la.  Li rekòmande tou pou yo bay malad la sewòm oral si li gen dyare oubyen l'ap vomi. 
Nou pa rekòmande pèsòn kouri al bay yon moun ki gen fyèv tifoyid yon antibyotik san li pa pale ak yon medsen anvan. 

Prevansyon
Pou evite trape fyèv tifoyid la, pi meyè mwayen de prevansyon ki genyen se respekte règ ijyèn yo. Yon moun ka pran vaksen tou pou fè prevansyon. 
Men kèk ti konsèy ke ou ka swiv pou evite trape fyèv tifoyid la:
  • Byen kwit manje n'ap manje yo
  • Si nou doute de orijin dlo n'ap bwè yo, bouyi oubyen trete yo anvan nou bwè yo
  • Lave men nou souvan sitou apre nou sot nan twalèt. 
  • Byen lave fwi ak legim n'ap konsome yo. 

mercredi 24 juin 2020

Dyabèt

Anpil fwa, nou toujou tande moun ap di "entèl fè sik". Nan yon langaj ki pi syantifik, yo di moun nan dyabetik, sa vle di li soufri yon maladi ki rele dyabèt. 


Kisa ki dyabèt osinon maladi sik la?
Dyabèt osinon maladi sik se yon maladi kote kantite sik ki nan san yon yon moun, sa yo rele glisemi an, li monte de fason anòmal. 
Se youn nan maladi ke nou rankontre trè souvan an Ayiti. 

Genyen plizyè tip dyabèt, men gen de (2) ki pi kouran: dyabèt tip 1 ak dyabèt tip 2. 

1) Dyabèt tip 1
Dyabèt tip 1 an reprezante anviwon 10% ka dyabèt yo. Abityèlman, nou rankontre tip dyabèt sa lakay timoun ak jèn yo. 
Dyabèt tip 1 an karakterize pa destriksyon selil ki sekrete ensilin (selil bèta yo), sa vin koz ke pankreya pa sekrete kantite ensilin li ta dwe sekrete oubyen li pa sekrete ensilin ditou. Se sak fè yo rele dyabèt tip 1 an dyabèt ensilinodepandan (insulino-dépendant). Depi manke ensilin nan san, selil yo vin manke itilize sik ki genyen nan san an, sa vin koz kantite sik ki nan san ogmante. 

Kisa ki koz dyabèt tip 1 an?
Jiska prezan, syantifik yo poko vrèman konnen kisa ki koze destriksyon selil bèta ki sekrete ensilin nan pankreya a. Men sa ki evidan, sè ke orijin jenetik yon moun jwe yon gwo wòl nan risk ki genyen pou trape maladi sa. 

Ki siy ki montre sa?
Lè yon moun genyen dyabèt tip 1 an, men kèk siy li ka prezante:
- moun nan swaf anpil
- li pipi dri
- li vin piti
- moun nan konn santi gwo fatig

Trètman
Pou trete dyabèt tip 1 an, doktè ap bay moun nan ensilin swa sou fòm enjeksyon, sa vle di sou fòm yon piki. Lè sa, malad la oblije ap pike detanzantan paske lè l fin pran piki a, ensilin nan gen yon kantite tan li ka fè nan san an. 
 Pasyan an ka pran ensilin nan sou fòm yon ponp a ensilin ke yap mete sou moun nan pou l ka founi li ensilin san rete. 

2) Dyabèt tip 2
Dyabèt tip 2 a li menm, nou rankontre l pi souvan lakay moun ki kòmanse antre nan laj, plis ke 40 an. Li reprezante anviwon 90% nan kantite moun ki dyabetik yo. 
Lè yon moun fè dyabèt tip 2, gen 2 ka ki ka prezante:
- swa pankreya moun nan pa pwodwi kantite ensilin kò li ap bezwen pa rapò ak glisemi moun nan. 
- oswa kò moun nan pa reyaji byen fas a ensilin nan, nan ka sa, ensilin nan pa ka fè efè li ta dwe fè sou kò a. 

Kisa ki koz dyabèt tip 2 a ?
Pa vrèman gen yon kòz presi pou dyabèt tip 2 a, men genyen kèk faktè ki favorize l tankou:
- orijin jenetik moun nan, sa vle di yon moun ki genyen yon paran l oubyen yon gran paran l ki te gen maladi sa, gen plis chans pou l devlope maladi sa tou. 
- yon alimantasyon ki dezekilibre
- manke fè egzèsis fizik
- moun ki twò gwo...

Ki siy ki montre lè yon moun fè dyabèt tip 2 ?
Dyabèt tip 2 a, se yon maladi ki evolye an silans, sa vle di yon moun ka fè dyabèt tip 2 a, li pa janm konn sa. Li ka fè ant 5 a 10 an ak maladi a san li pa janm jwenn okenn siy ki montre sa.  
Pami kèk siy nou ka rankontre, nou jwenn:
- fatig
- twoub nan vizyon
- pipi dri ...

Trètman
Pou trete dyabèt tip 2 a, yo konseye malad la pou li chanje fason lap viv tankou manje yon fason ki pi ekilibre, fè plis egzèsis fizik. Malad la dwe pale ak doktè li pou li konnen ki rejim ak ki jan de egzèsis fizik ki pi bon pou li. Yo ka bay malad la tou kèk medikaman antidyabetik ak kèk enjeksyon ensilin. 

Prevansyon
Jiska jounen jodi a, poko vrèman gen yon mwayen pou fè prevansyon pou dyabèt tip 1 an paske li depann an gran pati de orijin jenetik moun nan. Men toutfwa, genyen etid ki montre ke li posib pou fè prevansyon pou dyabèt tip 2 a lè nou kontwole fason nap viv tankou nan fason n'ap manje: konsome plis fwi ak legim; fè egzèsis fizik regilyèman. 

Mèsi a ou menm ki li atik sa depi nan kòmansman jiskalafen, si toutfwa ou genyen yon kesyon oubyen yon sijesyon, pa neglije kite yon kòmantè anba atik la pou nou. Epi pa bliye pataje atik la ak pwòch ou pou yo ka konnen plis sou maladi a.   

dimanche 10 mai 2020

Tansyon wo

Tansyon wo se youn nan maladi ki pi kouran nan mond lan aktyèlman. Tout kote w pase, ou tande moun yo ap di entèl fè tansyon wo.



Kisa ki tansyon wo a?
Tansyon wo a oubyen "hypertension artérielle" an fransè, se yon maladi ki karakterize pa yon presyon ki wo anpil andedan veso ki pote san ki soti nan kè a (artères). Nou pale de tansyon wo se lè presyon sa depase 14/9. Se yon maladi yo plis rankontre lakay moun ki kòmanse rantre nan laj. 

Pou w ka di ke yo  moun gen tansyon wo, fòk yo mezire tansyon moun nan pandan li o repo a la fwa fizik e mantal, nan yon pozisyon chita oubyen kouche pandan anviwon 15 minit.


Kisa ki koz yon moun gen tansyon wo?
Nan 95% ka, sa ki koz tansyon wo a enkoni. Men genyen kek faktè ki favorize yon moun gen tansyon wo tankou:
  • Manje ki gen twòp sèl
  • Bwè twòp alkòl
  • Fimen
  • Gwosès
  • Strès
  • Obezite (lè moun nan twò gwo)
  • Manke fè egzèsis fizik
  • Laj, plis moun nan gen laj, se plis li gen chans gen tansyon wo. 
  • Kèk maladi tankou maladi nan ren
  • Kèk medikaman tankou kòtikoyid yo (corticoïdes)


Ki sentòm yon moun ki gen tansyon wo ka prezante?
Pami sentòm yon moun ka prezante, nou gen:
  • Mal tèt, pi souvan nan maten
  • Pwoblèm vizyon, moun nan wè twoub
  • Doulè nan pwatrin
  • Moun nan bouke anpil lè li fè yon ti efò
  • Toudisman
  • Fatig
  • Nen senyen
  • Palpitasyon

Sepandan yon moun ka gen tansyon wo epi li pa prezante okenn sentòm.


Kòman pou trete yon moun ki gen tansyon wo?
Men ki trètman yon moun ka fè pou li konbat tansyon wo:
  • Manje ki pa gen twòp sèl
  • Pa bwè kafe ak alkòl
  • Fè egzèsis fizik tankou mache, kondwi bisiklèt pandan o mwen 20 minit pa jou. Si tansyon an te wo anpil, evite fè gwo mouvman tankou leve pwa lou nan gym. 
  • Pran medikaman ki pou konbat tansyon wo ("anti-hypertenseurs")
  • Manje anpil fwi ak legim
  • Si moun nan twò gwo, redwi nan gwosè a
  • Evite rete strese.


Kòman pou w evite genyen tansyon wo?
Men kèk konsèy nou pote pou yon moun evite genyen tansyon wo:
  • Fè egzèsis fizik o mwen pandan 20 minit, 4 a 7 fwa pa semèn. 
  • Chase strès pandan lap detann li. 
  • Konsome anpil fwi ak legim
  • Pa manje manje ki gen twòp sèl
  • Pa bwè twòp kafe ak alkòl



Se tout enfòmasyon sa yo nou te pote pou ou, si w renmen atik la, pataje l ak zanmi w.

lundi 16 mars 2020

Kòman pou nou evite genyen coronavirus la?

Kisa pou nou fè pou nou pa pran nan  coronavirus.

Depi nan fen Desanm 2019 la, nou tande ravaj Coronavirus ap fè an Chin. Kounye a, viris la prèske gaye toupatou nan lemonn. Se yon viris ki transmèt pa plizyè fason. Fason ki pi kouran an se pa vwa respiratwa a. Men nou kapab pran li tou lè nou manyen yon bagay ki enfekte epi n'al met men nan bouch san nou pat lave men nou.

Men kèk konsèy pou nou swiv pou nou pa pran coronavirus:




1- lave men nou avèk dlo ak savon chak fwa nou pral manje;
Sa se youn nan premye prekosyon pou nou pran. Anvan nou manje, nou dwe lave men nou avè dlo ak savon pandan anviwon yon minit. Lave tout ti kwen ki ant dwèt yo, byen netwaye zong nou. Depi nou te nan lari, nou rantre lakay nou, menm si nou pa pral manje, nou sipoze lave men nou paske nou pa konnen nan moun nou bay lanmen yo, konbyen nan yo ki enfekte. Lè sa, n ap evite kontamine lakay nou avèk viris la.

2- lave fwi yo anvan nou manje yo;
Bouch nou se youn nan pòt rantre pou viris la, se sak fè nou dwe lave fwi yo oubyen nenpòt lòt bagay ki ka lave anvan nou manje yo.

3- kanpe a anviwon 2 mèt de tout moun kap estènye oubyen touse;
Lè yon moun touse oubyen estènye, gen yon seri de ti gout krache ki tèlman piti ke nou pa ka wè yo ki sot nan bouch moun nan. E si moun nan enfekte, lè sa, ti gout krache sa yo genyen viris la ladan yo. Si ou pre moun sa lè li estènye oubyen touse a, epi pandan wap respire, ou rale ti gout sa yo, wap tou enfekte tou. Se pou rezon sa ki fè moun yo mete kachnen yo.

4- evite mete men nan bouch, nan nen, nan je nou;
Kòm viris la tèlman piti, nou pa ka wèl ak je nou konsa. Se sak fè, lè yon bagay enfekte, nou pap ka konnen sa. Se pou rezon sa nou dwe evite mete men nan bouch nou, je nou, ak nen nou, paske nou pa konnen si nou pat touche yon bagay ki te enfekte. Li te ka yon pòt, yon kòb, yon telefòn, elatriye.

5- manje anpil fwi ak legim pou nou ranfòse sistèm iminitè nou.
Lè sistèm iminitè nou fèb, kò a vin pa ka lite kont yon seri de maladi. Se sistèm iminitè a ki defans kò nou. Pou nou ranfòse sistèm iminitè nou, nou dwe manje anpil fwi ak legim ki fre paske yo genyen vitamin C nan yo. Nou dwe fè egzèsis fizik tou.

Pa bliye, yon moun ka enfekte san li poko gen okenn sentòm ki manifeste. Sa ka pran plizyè jiska 14 jou depi yon moun te enfekte anvan li kòmanse gen sentòm ki endike ke li malad. Pandan tout peryòd sa, moun nan ka transmèt maladi a bay lòt moun ki bò kote l yo.

Pataje mesaj sa ak tout pwòch nou konsa nou va sove lavi yo. Se nou ki pou pwoteje tèt nou, nou pa bezwen ret tann leta, paske nou konnen jan ti peyi nou an ye deja. E nou pa bezwen konte sou èd lòt peyi paske, majorite peyi yo fèmen pòt yo pou peyi ki enfekte yo.