Sante Mwen

Avèk Sante Mwen, dekouvri fason kò ou fonksyone.

Maladi

Dekouvri kòman pou w pwoteje tèt ou ak fanmi w kont yon seri de maladi ke nou rankontre souvan an Ayiti.

Bòn sante

Dekouvri kèk metòd kap pèmèt ou rete an bòn sante.

Plis

Ak anpil lòt bagay toujou...

jeudi 21 novembre 2019

Kò nou


Yo souvan konpare kò nou ak yon machin, men pa gen okenn machin machin nan mond lan ki travay efikasman menm jan ak kò nou. Malgre syantifik yo ap etidye kò nou depi plizyè syèk, yo poko janm fin konprann fonksyònman kò a.
Kò a konpoze de plizyè sistèm. Pami sistèm sa yo, nou jwenn:
Sistèm sikilatwa ki responsab pou fè san sikile nan tout kò an;
Sistèm dijestif ki responsab pou dijere manje ke nou manje yo;
Sistèm nève ki responsab pou trete epi fè sikile enfòmasyon nèvez yo;
Elatriye.

Genyen plizyè lòt sistèm toujou. Chak sistèm sa yo an relasyon len ak lòt. Depi youn nan sistèm sa yo mal fonksyone, tout kò a sibi konsekans yo.
Pou nou rete an sante, nou dwe pran swen kò nou. Pran swen kò a pa limite sèlman ak pwòpte kò a, nou dwe pran swen kò nou tou nan fason n'ap manje, nan fè egzèsis fizik ak mantal, nan fason n'ap konpòte ak kò nou elatriye. Pou nou byen pran swen kò nou, gen yon minimòm de konesans nou sipoze genyen sou kò a. Se sa ki fè plis nou konnen sou kò nou, plis nou ka konpòte yon fason pou nou rete an bòn sante. Toujou itilize mwayen nou gen a dispozisyon nou tankou liv, telefòn entelijan, entènèt, elatriye pou nou edike tèt nou nan sa ki wè ak kò nou paske la sante se youn nan pi gwo kado Bondye ban nou. Ou mèt milyonè, si ou pa gen yon bon sante, ou pa fouti byen jwi richès ou yo.

La sante se richès!!!
Si w gen kesyon oubyen sijesyon, pa neglije kite yon kòmantè pou nou.

mercredi 6 novembre 2019

Byenvini nan Sante mwen

Kisa ki Sante Mwen an?
Sante mwen se yon blog mwen (Stanley Despeignes, etidyan an medsin a CHC-UEH-L) kreye nan lide pou m pataje konesans mwen avèk lòt konpatriyòt mwen yo nan kesyon sante.

Tan ap evolye, teknoloji a chanje yon pakèt bagay nan vi nou. Kounya, gras a telefòn pòtab nou, nou gen aksè ak entènèt ki pèmèt nou fè yon pakèt aktivite, tankou: aprantisaj, distraksyon, komès, kominike ak lòt moun, elatriye.
Nan kesyon aprantisaj pa entènèt la, mwen wè pa vrèman genyen plizyè sit entènèt ki an kreyòl ayisyen ki gen rapò ak li. Dè fwa, yon moun konn fè rechèch sou yon sijè, li jwenn rezilta ki apwopriye a sijè a, li li rezilta rechèch yo, li pa vrèman konprann sa li sot li a. Si Moun nan pat rive lwen lekòl, li konn pa an mezi pou li konprann yon seri de tèm fransè ke yo itilize nan rezilta yo. A koz de baryè lengwistik sa, sa vin koz yo inyore yon seri de bagay yo ta sipoze konnen.
Donk, se sa ki pouse m kreye yon blog kote map trete sijè ki gen rapò ak sante. M kwè sa ap ede anpil nan konpatryòt mwen yo paske gen twòp bagay ke mwen konsidere kòm esansyèl ke moun yo inyore sou pwòp kò yo.

Si gen moun ki gen kesyon, oubyen ou jis bezwen ankouraje m oubyen ede m nan travay la, ou ka jis fè m konnen sa nan  yon kòmantè.

Mèsi. A la pwochèn!