Tansyon wo se youn nan maladi ki pi kouran nan mond lan aktyèlman. Tout kote w pase, ou tande moun yo ap di entèl fè tansyon wo.
Kisa ki tansyon wo a?
Tansyon wo a oubyen "hypertension artérielle" an fransè, se yon maladi ki karakterize pa yon presyon ki wo anpil andedan veso ki pote san ki soti nan kè a (artères). Nou pale de tansyon wo se lè presyon sa depase 14/9. Se yon maladi yo plis rankontre lakay moun ki kòmanse rantre nan laj.
Pou w ka di ke yo moun gen tansyon wo, fòk yo mezire tansyon moun nan pandan li o repo a la fwa fizik e mantal, nan yon pozisyon chita oubyen kouche pandan anviwon 15 minit.
Kisa ki koz yon moun gen tansyon wo?
Nan 95% ka, sa ki koz tansyon wo a enkoni. Men genyen kek faktè ki favorize yon moun gen tansyon wo tankou:
- Manje ki gen twòp sèl
- Bwè twòp alkòl
- Fimen
- Gwosès
- Strès
- Obezite (lè moun nan twò gwo)
- Manke fè egzèsis fizik
- Laj, plis moun nan gen laj, se plis li gen chans gen tansyon wo.
- Kèk maladi tankou maladi nan ren
- Kèk medikaman tankou kòtikoyid yo (corticoïdes)
Ki sentòm yon moun ki gen tansyon wo ka prezante?
Pami sentòm yon moun ka prezante, nou gen:
- Mal tèt, pi souvan nan maten
- Pwoblèm vizyon, moun nan wè twoub
- Doulè nan pwatrin
- Moun nan bouke anpil lè li fè yon ti efò
- Toudisman
- Fatig
- Nen senyen
- Palpitasyon
Kòman pou trete yon moun ki gen tansyon wo?
Men ki trètman yon moun ka fè pou li konbat tansyon wo:
- Manje ki pa gen twòp sèl
- Pa bwè kafe ak alkòl
- Fè egzèsis fizik tankou mache, kondwi bisiklèt pandan o mwen 20 minit pa jou. Si tansyon an te wo anpil, evite fè gwo mouvman tankou leve pwa lou nan gym.
- Pran medikaman ki pou konbat tansyon wo ("anti-hypertenseurs")
- Manje anpil fwi ak legim
- Si moun nan twò gwo, redwi nan gwosè a
- Evite rete strese.
Kòman pou w evite genyen tansyon wo?
Men kèk konsèy nou pote pou yon moun evite genyen tansyon wo:
- Fè egzèsis fizik o mwen pandan 20 minit, 4 a 7 fwa pa semèn.
- Chase strès pandan lap detann li.
- Konsome anpil fwi ak legim
- Pa manje manje ki gen twòp sèl
- Pa bwè twòp kafe ak alkòl
Se tout enfòmasyon sa yo nou te pote pou ou, si w renmen atik la, pataje l ak zanmi w.