Kisa ki kansè kòl matris la?
Kòl matris la se pati anba matris la, li pi piti pase rès kò matris la, se li menm ki relye kò matris la ak bouboun fi a.
Yon kansè kòl matris se yon maladi ki devlope nan kòl matris la. Chèchè yo estime ke gen anviwon 250 000 fanm ke maladi sa tiye chak ane nan mond la.
Kisa ki bay maladi sa?
Prensipal koz kansè kòl matris la se yon enfeksyon pa yon viris ki rele HPV (Human Papilloma Virus). Moun plis pran viris sa nan fè sèks. Lè viris la fè anpil tan nan kòl matris la, li modifye estrikti kòl la. Li vin bay sa yo rele yon lezyon (lésion précancéreuse). Sa vle di, yon sòt de blese ki ka vin devni yon kansè nan 10 a 15 an apre enfeksyon an.
Men kèk lòt bagay ki ogmante chans pou yon moun devlope kansè sa:
- Kòmanse fè sèks bonè
- Kantite moun ou fè sèks avè l, plis yo anpil plis ou gen chans gen kansè sa
- Tabak
- Medikaman ki febli defans kò a
- Si w deja genyen jèm sida nan san w (VIH+)
Kisa wap santi?
Nan kòmansman, moun nan pap santi anyen. Sèl si moun nan te fè yon pap tès li ka konnen si l genyen kansè a. Se jis lè kansè a kòmanse mi moun nan ap santi sentom yo.
Lè kansè a kòmanse mi, men ki sentòm li bay:
- Bay san nan bouboun lè moun nan fin fè sèks
- Bay san nan bouboun san moun nan pa nan peryòd règ li
- Doulè lè moun nan ap fè sèks
- Bay dlo nan bouboun
- Doulè anba ti vant
- Doulè nan ba do
Ki trètman ki genyen pou kansè sa?
Trètman diferan tou depan de ka ki prezante a. Yo ka itilize swa chiriji, radyoterapi oubyen chimyoterapi pou fè trètman.
1-Chiriji
Sa depann de kantite dega kansè a gentan fè nan kòl matris moun nan , medsen yo ka opere l pou yo retire kòl matris la sèlman, oubyen kòl matris ak tout matris la. Depi yo retire matris la, moun nan tou pa ka fè timoun ankò.
2- Radyoterapi
Se yon trètman ke yo ka itilize ak chiriji pou detwi selil kansè kòl matris la. Nan trètman sa, yo itilize yon reyon ki rele reyon X
3- Chimyoterapi
Yo itilize trètman sa swa anvan, swa apre, swa anvan ak apre trètman pa chiriji oubyen radyoterapi a. Yo itilize l pou diminye gwosè mas kansè a oubyen pou anpeche selil kansè a miltipliye.
Kòman pou w evite genyen kansè kòl matris la?
Gen 2 metòd yon moun ka itilize: vaksen oubyen Pap tèst.
Vaksen an pèmèt moun nan evite enfekte ak viris ki bay kansè kòl matris la (HPV).
Pap tès la se yon tès depistaj kansè kòl matris ke tout fanm ki gen ant 25 a 65 an dwe fè chak 3 zan. Li pèmèt yo detekte kansè a depi anvan li kòmanse manifeste. Tout tan yon moun konnen li gen yon kansè pi bonè, se plis li gen chans pa gen konplikasyon. Souvan se lè kansè a dejenere nèt moun nan konn sa oubyen li vin lopital. Lè konsa, kansè an gentan tèlman avanse sa vin koz gen plis konplikasyon e moun nan ka menm mouri. Se sak fè depi w se fanm, ou fè sèks pou piti yon fwa deja, nou konseye w al fè yon Pap tès pou w konn kòman kòl matris ou ye.