Sante Mwen

Avèk Sante Mwen, dekouvri fason kò ou fonksyone.

Maladi

Dekouvri kòman pou w pwoteje tèt ou ak fanmi w kont yon seri de maladi ke nou rankontre souvan an Ayiti.

Bòn sante

Dekouvri kèk metòd kap pèmèt ou rete an bòn sante.

Plis

Ak anpil lòt bagay toujou...

samedi 13 août 2022

Dezidratasyon an ete

Tout moun konnen ke ete se peryòd ki fè pi cho nan ane a. Ete se yon peryòd ki dire 3 mwa e ki kòmanse 21 jen pou rive 21 septanm. Kòm se nan peryòd sa li fè plis chalè nan ane a, se nan peryòd sa tou moun pi fasil pou dezidrate. 
Kisa ki dezidratasyon an?
Dezidratasyon an pa yon maladi, men se yon eta kote kò a pa gen ase likid ladan'l. Sa vin koze yon dezekilib ant kantite likid ak kantite sèl ki nan kò a. 

Kisa ki ka koz yon moun vin dezidrate?
Gen plizyè bagay ki ka koz yon moun dezidrate tankou: 
  • Malnitrisyon
  • Fyèv
  • Dyare
  • Vomisman
  • Enfeksyon
  • Gwo chalè (solèy)
  • Moun nan manke bwè dlo
  • Ak anpil lòt maladie toujou tankou maladi sik etc.

Pami tout kòz sa yo nou sot site la yo, chalè se youn nan bagay ki pwovoke dezidratasyon pi rapid lakay yon moun si tou si li manke bwè dlo. 

Kòman yon moun ap santi l lè li dezidrate?
Lè yon moun dezidrate, sa fasil pou rekonèt. Men kèk siy ki ka montre sa :
  • Moun nan swaf anpil
  • Bouch moun nan sèch
  • Li pa pipi anpil epi pipi a jòn anpil
  • Po kò moun nan sèch
  • Fatig anòmal
  • Moun nan pèdi pwa
  • Mal tèt
  • Zye moun nan vin fon
  • Toudisman, vètij

Kòman yon moun ka pwoteje tèt li pou l pa dezidrate?
Pou evite dezidratasyon, men kèk konsèy yon moun ka swiv :
  • Bwè anpil dlo pou kò a ka ranplase dlo lap pèdi yo sitou lè li fè cho. 
  • Evite mache anpil anba gwo solèy
  • Toujou bwè dlo anvan ak apre w fin fè egzèsis fizik. Si egzèsis fizik la depase 30 minit, bwè dlo pandan wap fè egzèsis la. 
  • Bwè dlo chak fwa ou wè pipi ou kòmanse vin jòn. Pipi ou ta dwe gen koulè klè. Souvan depi ou wè pipi ou vin jòn, se paske ou manke bwè dlo ki koz sa. Si w ta wè ke malgre w bwè dlo pipi w toujou rete jòn, al wè yon doktè. 

Trètman pou dezidratasyon
Si w gen yon moun ki dezidrate swa paske lap vomi, oubyen li gen dyare, bay li bwè sewòm oral pou l ka ranplase dlo lap pèdi yo. 

Pou w prepare sewòm oral la, wap vide yon ti sachè sewòm oral nan 2 boutèy gran manjè ki plen dlo answit wap bwase l ou bay moun nan bwè. 

Si w pa gen ti sachè sewòm oral la, ou ka mete demi kiyè sèl ak 6 kiyè sik nan yon galon dlo bay moun nan bwè. 

Answit mennen moun nan wè yon doktè pou rès priz an chaj yo ka fèt. 



8 avantaj ki gen nan fè sèks

Tout moun konnen ke fè sèks pote anpil avantaj pou kò a ak lespri nou. Men 8 avantaj yon moun ka jwenn nan fè sèks. 

1- Fè sèks pèmèt ou redwi nivo strès ou
Gen plizyè etid ki montre ke lè w fè sèks, sa pèmèt ou bese nivo kòtizòl (cortisol) ki nan san w e sa pèmèt nivo strès ou desann tou. Se rezon ki koz lè yon moun fin fè sèks, li santi tout kò l relakse akoz de sibstans antistrès ki libere nan kò moun nan. 

2- Fè sèks pèmèt ou ranfòse entimite ant ou menm ak patnè w (mennaj, mari, madanm)
Lè de moun ki renmen ap fè sèks, sa vin devlope yon sòt de konplisite ant de moun sa yo. De moun sa vin tankou se kòkòt ak Figawo, youn pa ka manke lòt. 

3- Fè sèks pèmèt ou pèdi kalori
Se vre fè sèks pa menm jan ak lòt spò yo, men li pèmèt ou boule kalori tou. Selon yon etid ki te pibliye pa Plos one, lè wap fè sèks ou boule ant 60 a 100 kalori. 

4- Fè sèks pèmèt ou amelyore somèy ou
Selon yon etid ki te fèt, anpil fanm ak gason fè konnen ke yo dòmi pi byen lè yo fin fè sèks. Gras ak sibstans kap relakse kò a apre w fin fè sèks, sa pèmèt dòmi pran w pi rapid. E se rezon sa ki fè gason yo fasil pou dòmi apre yo fin fè sèks. 

5- Fè sèks pèmèt ou ranfòse sistèm iminitè ou. 
Sistèm iminitè w se yon sistèm ki la pou defann kò w kont vye jèm ki ka ba w maladi. E daprè yon etid ki te fèt, li montre ke ta va gen yon relasyon ant sèks ak nivo sistèm iminitè yon moun. 

6- Fè sèks rann po kò w vin pi bèl
Lè wap fè seks, kò w pwodwi anpil estwojèn (oestrogènes). Sibstans sa yo jwe yon gran wòl nan idratasyon po a, sa pèmèt pou kò w ak cheve w vin pi bèl. 

7- Fè sèks pèmèt gason konbat kansè nan pwostat
Daprè yon etid ki te pibliye pa The Journal of American Medical Association, li montre ke plis yon gason ejakile souvan, se plis li redwi risk pou li devlope kansè nan pwostat. 

8- Fè sèks pèmèt fanm yo konbat kansè nan tete
Daprè yon seri etid ke Dr Frederic Saldmann prezante nan liv li a "La vie et le temps", yo montre ke lè yon moun ap fè sèks, kò li pwodwi yon sibstans ki rele ositosin (ocytocine) ki pèmèt kò a konbat kansè nan tete. Sibstans sa libere nan kò a sitou lè yo stimile pwent tete fi a.