Jounen jodiya, VIH/SIDA se yon maladi ki gaye nan tout mond la, sitou nan peyi ki an vwa devlopman yo. Nou tande pale de sida souvan an Ayiti. Lè yon moun gen sida, souvan moun ki nan antouraj li konn elwanye yo de li sou preteks pou yo pa pran sida. Ebyen annou wè kisa ki sida e kijan li transmèt.
Kisa ki VIH la?
VIH la (Virus de l'immunodéficience humaine) se yon viris ki atake sistèm iminitè a patikilyèman lenfosit T CD4 (lymphocytes T ). E kòm nou konnen, se sistèm iminitè a ki la pou defann kò nou kont ajan patojèn ki antre nan kò a tankou bakteri ak viris, e lè sistèm sa febli, lap mal fonksyone, li fasil pou maladi antre sou moun sa. Depi viris ki rele VIH la rantre nan kò yon moun, se sistèm iminitè a li atake. Li itilize lenfosit T CD4 yo pou li repwodui e li fini pa detwi yon bon kou nan yo. Byen ke sistèm iminitè a konpoze de plizyè lòt tip de selil, men a koz de kantite lenfosit T CD4 yo ki redwi konsiderableman, sa vin koz sistèm nan ap mal mache paske chak selil ki ladan'l yo gen wòl pa yo. Lè konsa, kò a vin tankou yon peyi ki san lame, nenpòt bakteri oubyen viris ki pa ka fè gwo dega lakay yon moun ki an bòn sante fè gwo dega nan kò moun sistèm iminitè l ap mal mache.
Kòman yon moun ka trape VIH la ?
VIH la transmèt pa likid ki soti nan kò yon moun ki enfekte tankou san, spèm (dechay), lèt manman, sekresyon vajinal (sekresyon ki soti nan bouboun). Transmisyon an fèt 3 fason:
- transmisyon seksyèl
Le pi souvan, VIH la transmèt yon moun fè sèks san prezèvatif (kapòt) ak yon moun ki enfekte.
- transmisyon pa san
Moun ka pran l tou lè san yo antre an kontak ak san yon moun ki enfekte tankou pike oubyen blese nan yon sereng oubyen tout lòt objè tranchan tankou jilèt, kouto, razwa elatriye ki te pike oubyen blese yon moun ki enfekte.
- transmisyon vètikal
Yon manman ki gen VIH la nan san l gen chans pou li transmèt viris la bay bebe a pandan gwosès la oubyen lè li ap akouche si li pa sou trètman.
Moun pa ka pran VIH nan ka sa yo:
- lè li bay yon moun ki enfekte lanmen
- lè li touche ak syè yon moun
- lè li itilize rad oubyen telefòn yon moun ki enfekte
- lè li benyen nan pisin piblik
Viris la pa ka travèse po kò yon moun si moun sa pa blese.
Sentòm yo
Evolisyon viris la gen plizyè faz:
- 1e faz ou primo-enfeksyon
Lè moun nan fenk enfekte, li ka genyen kèk sentòm ki parèt konsa li ka pa gen okenn sentòm. Lè konsa moun nan ka pa konnen si li enfekte e li trè fasil pou li enfekte lòt moun paske chaj viral moun sa, sa vle di kantite viris ki nan kò moun sa trè wo.Men kèk sentòm moun nan ka prezante:
- fyèv
- mal tèt
- Mal gòj
- fatig
- doulè miskilè
- 2e faz oubyen faz asentomatik
Nan faz sa, moun nan pa prezante okenn sentom menm si viris la toujou nan san l. Viris la ap mennen yon gwo lit avèk sistèm iminitè moun nan.
- 3e faz oubyen faz sida
Nan faz sa, sentom yo parèt paske sistèm iminitè a pa ka konbat viris la ankò. Se lè sa yo di moun nan fè sida. Sentom yo parèt pi souvan e yo fè plis tan:
- fyèv
- Moun nan pèdi pwa, li vin piti
- Dyare
- enfeksyon nan po tankou bouton elatriye
- tous sèch
Se nan faz sa ke plizyè lòt maladi ka rantre sou moun nan a koz de sistèm iminitè l ki trè fèb. Nenpòt ti maladi banal ka mete moun sa kouche e li ka menm koz moun sa mouri. Faz sa rive anviwon 10 zan apre moun sa fin enfekte.
Prevansyon
Pou evite trape VIH la, men kèk prekosyon pou nou pran:
- itilize prezèvatif (kapòt) lè nap fè sèks sitou lè nou pa konnen si moun nan enfekte ou non
- pa echanje jwèt seksyèl yo
- pa echanje razwa oubyen tout lòt akseswa pèsonèl ki gen chans gen san ladan'l
- lè ou fenk rankontre yon moun, toujou ankouraje l al fè yon tès depistaj sida anvan ou al fè sèks san pwoteksyon avè l
Trètman
Jiska jounen jodiya, poko gen remèd pou geri sida. Men gras ak trètman ki genyen yo, yon moun ka fè anpil tan ap viv ak viris la nan san l depi li swiv trètman yo.
Trètman yo chita sou 2 metòd:
- trètman antirétroviral (TAR) ki ede yo diminye kantite viris ki nan kò moun nan
- trètman maladi opòtinis yo ki rantre sou moun nan a koz de sistèm iminitè l ki fèb
Trètman antirétroviral la se yon trètman kote yo itilize o mwen 3 medikaman ki atake viris la dirèkteman pou ralanti evolisyon viris la e redwi chaj viral la nan yon nivo ki trè ba.
Yon moun ki seropozitif dwe konsilte medsen li souvan pou li ka detekte tout maladi opòtinis ki ta va rantre sou li pi bonè. Lè konsa, maladi a pap gentan twò grav kidonk li pap twò difisil pou li trete.
Konsèy
Pa ezite fè tès depistaj sida paske tout tan yon moun kòmanse swiv trètman yo pi bonè, li gen plis chans pou li fè plis tan ap viv.
Si tout fwa ou konnen ou deja enfekte, itilize kapòt lè wap fè sèks pou evite pwopagasyon viris la.
Sida, mwen pap bay, mwen pap pran!!!